Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Opozisyon an lanse 2 Jou Pwotestasyon Kont Prezidan Préval ak KEP a


Plizyè gwoupman politik envite popilasyon an nan 2 jou pwotestasyon pou mande demisyon Prezidan René Préval ak manm Konsèy Elektoral la paske, daprè òganizatè yo, Prezidan Préval ta vyole konstitisyon an plizyè fwa, e KEP a pa merite konfyans pou l òganize yon eleksyon lib, onèt e demokratik.

Pami òganizasyon politik sa yo genyen "Gwoup 77 la" ki fè konnen KEP a montre li nan pas pouki ak Pouvwa Egzekitif la, konsa pèp la ak pati politik yo pa ka lage nan men l responsabilite eleksyon yo.

Se konsa òganizatè yo lanse apèl bay pèp la pou l patisipe nan 2 jou pwotestasyon (28 ak 29 jiyè) pou l montre li pa dakò avèk politik elektoral gouvènman Préval/Bellerive la. Korespondan nou Clarens Renois ap di nou plis depi Pòtoprens.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj Clarens Renois.

XS
SM
MD
LG