Lajistis nan vil Ti Gwav libere pwovizwaman yon jounalis ki te fèmen nan prizon depi prèske yon mwa anba akizasyon difamasyon.
Nan dat 22 jwen pase a , Mèt Jean Alix Civil, komisè gouvènman nan tribinal premyè enstans la nan Ti Gwav, te fè arête Ernst Francois , pwoprietè Radyo Prevansyon FM ak Wolf Joseph , animatè nan menm radio a pou konplisite nan yon pakèt twoub nan vil la .
Pwopriyetè radyo a te jwenn liberasyon l nan menm semèn nan, men animatè a te toujou nan prizon nan Omega , yon sant detansyon ki nan nan zòn kafou. Lòt aspè nan dosye a se emetè radio a ak lòt materyel otorite yo ta sezi.
Sepandan komisè gouvènman Jean Alix Civil fè konnen li pat bay lòd sezi emetè, se « substiti a » ki te pran desizyon an pou kont li.