Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Leta Reprann Kontwòl Santral Elektrik Varreux a nan Men SOGENER


 Yon elektrisyen ki sou poto elektrik.
Yon elektrisyen ki sou poto elektrik.

Gouvènman ayisyen an reprann kontwòl santral elektrik Varreux ke konpayi SOGENER t ap dirije. Desizyon sa a pran nan moman leta ayisyen trennen konpayi an devan lajistis pou rekipere 123 milyon dola konpayi an fè leta peye an plis de kou nòmal sèvis li vann EDH (surfacturation).

Konsèy administrasyon SOGENER pat prezante devan tribinal jedi 21 novanm nan sou envitasyon komisè gouvènman an Jacques Lafontant pou reponn ak akizasyon yo.

Fen oktòb pase a gouvènman demisyonè a te adopte yon rezolisyon pou sispann pèman kontra enèjii elektrik ki lye leta ayisyen ak Sogener, E-Power S.A ak Haytrac.

XS
SM
MD
LG