Nan vil Okay, nan sid peyi Dayiti, mond komèsyal la an dèy: Nèg ame moun pa idantifye ouvè kout-zam sou komèsan byen koni Aléandre Berlin e yo touye l nan premye wikenn mwa janvye 2011 la.
Misye Berlin te nan machin li ansanm ak madanm li; yo t ap kite yon boutik viktim nan posede tou pre mache piblik o kay la. Lapolis ouvè yon ankèt; yo fè plizyè dizèn arestasyon; men sanble asasen yo -ki te atake komèsan Aléandre Berlin 2 fwa- toujou nan mawon. Defansè dwamoun ak responsab lajistis yo kondane zak sa a.