Sekretè Jeneral adjwen Nasyonzini an ansanm ak pwogram Nasyozini pou Devlopman an, PNUD, prezante nan yon konferans de près bilan travay ki fèt nan peyi Dayiti depi tranblemanntè 12 janvye 2010 la.
Madanm Rebecca Grynspan, administratè asosye nan PNUD di genyen anpil pwogrè ki fèt nan peyi Dayiti depi katastwòf 2012 la.
“Premye bagay ki pi enpòtan nou ka di w sè ke depi tranblemanntè a, nou kreye 300 mil djòb tanporè nan retire debri ak ranmase fatra e 40% nan travay sa yo al jwenn fanm. Se yon gwo akonplisman nan pwogram nan. Sa bay 60 mil fanmi posibilite pou yo rebati lavi yo, ba yo aksè ak yon seri de fòmasyon spesyalize ak pwòp kòb pa yo.”
Madanm Grynspan endike yo retire 50% nan dekonb ki te nan lari yo, sa ki reprezante yon total 5 milyon mèt kib debri.
Nan 5 milya dola kominote entènasyonal la te pwomèt bay Ayiti apre tranblemanntè, yo deja dekese 3 pwen 5 milya nan 2 zan ki sot pase yo e yo deja depanse yo gwo pòsyon nan lajan sa a.
Lòt pwen yo te abòde nan konferans de près la se epidemi kolera a ki toujou egziste nan peyi a. Daprè Sou-direktè Oganizasyon Panamerikèn Lasante a, Doktè Jon Andrus, gen o mwen 200 ka kolera pa jou ki parèt ann Ayiti.