Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Eske Prezidan Martelly Pral Pibliye Vèsyon Amande Konstitisyon an?


Nan peyi d Ayiti, komisyon prezidan an te chwazi pou travay sou amandman konstitisyon an pou wè si vèsyon ki te vote pa palman ayisyen an te kòrèk , remèt rapò l bay prezidan Michel Martelly .

Komisyon sa ki te prezide pa mèt Gerard Gourgue mande prezidan an pou l pa pibliye amandman konstitisyonèl la paske fason sa te fèt nan nivo palman an pa kòrèk.

Mèt Gerard Gourgue relve anpil iregilarite nan fason pwosesis la te fèt nan nivo tèks palamantè yo te vote ki pa kòrèk ak sa ki pibliye an.

Korespondan nou nan Pòtoprens Rotchild Francois Junior di nou Komisyon siyale li jwen anpil iregilarite nan pwosesis amandman an.

Klike sou lyen ki nan kòmansman atik la pou w koute repòtaj Rotchild Francois Jr.

XS
SM
MD
LG