Accessibility links

Breaking News

Ayiti Kolera: Kandida Yo Atire Atansyon Pèp La Sou Danje Maladi a Poze


Ayiti Kolera: Kandida Yo Atire Atansyon Pèp La Sou Danje Maladi a Poze
Ayiti Kolera: Kandida Yo Atire Atansyon Pèp La Sou Danje Maladi a Poze

Nan peyi Dayiti, divès kandida nan eleksyon 28 novanm pwochen an sèvi avèk lèzond pou yo lanse yon veritab kanpay sou kolera aprè otorite lasante yo fin anonse yo dekouvri maladi a nan depatman Latibonit la.

Se konsa, kandida Michel Martelly --ki gen ti non jwèt Sweet Micky-- pale sou radyo pou l di se pa le moman pou politisyen ap chache make pwen; men yo dwe chache jwenn inite pou ede nasyon an fè fas ak gwo menas sa a k ap peze sou sante piblik nan peyi a.

Korespondan Lavwadlamerik toupatou ann Ayiti konstate menm reyalite a nan divès rejyon kote kandida yo sispann fè kanpay politik pou yo konsyantize pèp la sou mwayen pou sitwayen pwoteje tèt yo kont maladi kolera a.

Se youn nan nouvèl korespondan nou yo atravè Ayiti devlope nan yon rezime aktyalite a nan peyi a.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute Rotchild Francois Junior nan Pòtoprens ak lòt korespondan nou yo nan pwovens.

XS
SM
MD
LG