Manifestan vyolan e motèl dewoule nan peyi Dayiti kont MINUSTAH pi presizeman kontenjan nepalè a ke yo akize dèske yo ta responsab epidemi kolera a ki deja lakoz lanmò plis pase 917 moun ak ospitalizasyon plis pase 14 mil . Yon sòlda onuzyen tire yon manifestan lendi 15 novanm 2010 la nan zòn Quartier-Morin toupre vil Kap Ayisyen.
Kòm reyaksyon, MINUSTAH fè konnen manifestasyon sa yo fè pati ajitasyon politik ki gen rapò ak eleksyon prezidansyèl e lejislativ 28 novanm yo .Yon gwo responsab Nasyonzini fè konnen kantite ka maladi kolera yo anrejistre nan peyi Dayiti byen kapab vinn ogmante konsiderableman, oferamezi y ap ranmase enfòmasyon sou kesyon an.
Kowòdonatè imanitè L'ONU ann Ayiti Nigel Fisher di jounalis lendi 15 novanm 2010 la yo dekouvri ka kolera nan tout pwovens peyi a.
Yon kandida k ap mennen kanpay pou pòs prezidan an rann gouvènman an responsab lese frape ki genyen nan 2 vil peyi Dayiti ant fòs de lòd yo ak moun k ap mande depa MINUSTAH nan peyi a. Korespondan nou Rotchild François Junior gen reyaksyon kandida a.
Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj sa a.