Pandan yon vizit Anbasadè kanadyen an ann Ayiti, Henri-Paul Normandin, fè nan Depatman Sid la, li anonse Ottawa vle patisipe plis nan pwosesis rekonstriksyon an ann Ayiti.
Misye Normandin, ki te nan tèt yon delegasyon ki t al fè yon toune nan kèk pwojè peyi li ap finanse nan depatman an, pale de dives domèn kote kowoperasyon Kanada aktif anpil nan peyi a –domèn tankou amelyorasyon sistèm elektrik la; konstriksyon plizyè komisarya polis; rekonstriksyon baz La Marin Ayisyèn, avèk fòmasyon ajan ki pral siveye kòt peyi d Ayiti.
Klike sou lyen ki nan kòmansman atik la pou w koute korespondan nou Jean Hernst Eliscar k ap kòmanse devlope nouvèl pwovens yo avèk vizit Anbasadè Normandin an.