Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Jistis: Yon Jij Rekòmande Pwosè Kont Jean Claude Duvalier


Jean Claude Duvalier te retounen ann Ayiti nan dat 16 janvye 2011 la, aprè 25 lane an egzil nan peyi Lafrans
Jean Claude Duvalier te retounen ann Ayiti nan dat 16 janvye 2011 la, aprè 25 lane an egzil nan peyi Lafrans

Nan peyi d Ayiti, jij denstriksyon Jean Carvès, ki t ap prezide ankèt sou akizasyon deske ansyen diktatè jean Claude Duvalier ta komèt detounnman lajan Leta pandan li te sou pouvwa a, fè rekòmandasyon pou lajistis jije misye Duvalier.

Nouvèl la fè konnen òdonans jij Jean an te sipoze parèt depi semèn pase a; li te oblije ranvwaye piblikasyon an akoz yon grèv anplwaye tribinal yo nan Pòtoprens ap fè pou yo mande ogmantasyon ak pi bon kondisyon travay. Pandan premye mwatye jounen lendi 30 janvye 2012 la, okenn reyaksyon pa t sòti ni bò kote misye Duvalier, ni bò kote avoka li yo.

Jean Claude Duvalier te retounen ann Ayiti nan dat 16 janvye 2011 la, aprè 25 lane an egzil nan peyi Lafrans.

Depi retou sa a rive jous nan semèn ak mwa ki pase yo, li t ap viv san kè-sote ni deranjman nan peyi a; li te menm fè kè parèt nan divès rejyon, tankou Gonayiv epi Jakmèl kote li te pran lapawòl pou l di pèp la "mwen wè mizè nou" epi "rete tann soukous mwen."

Finalman lajistis te gen pou raple misye Duvalier li toujou an rezidans siveye e li pa dwe dite kay li san otorizasyon otorite legal konsène yo.

Lajisis ayisyèn poko di ki suivi li pral bay òdonans ak rekòmandasyon Jij Carvès la; kidonk, otorite yo poko fikse yon dat pou pwosè a.

XS
SM
MD
LG