Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Gouvènman an Repete Angajman pou l Travay pou Devlopman Peyi a


Nan fen yon retrèt ki te dire 2 jou, gouvènman ayisyen an pran angajman pou l travay seryezman pou devlopman peyi a.

Konsa, daprè deklarasyon Israel Jacquy Cantave, konseye kominikasyon Premye Minis Garry Conille, “tout minis yo dwe travay ansanm pou menm objektif la”, nan moman Ayiti ap fè fas ak divès kalte defi, tankou yon mizè ki frape pi fò popilasyon an, yon devlopman ekonomik ki pap mache vit ditou, yon epidemi kolera ki pa sispann fè ravaj sou tout tèritwa nasyonal la, mete sou yon pwojè rekonstriksyon nasyonal aprè tranblemanntè 12 janvye 2010 la.

Retrèt sa a te dewoule san patisipasyon minis kilti ak kominikasyon an, Choiseul Henriquez, ki mouri o Kanada sa pa gen lontan.

Klike sou flèch ki anlè atik la pou w koute repòtaj Rotchild François Jr.

XS
SM
MD
LG