Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Eske Nouvo Bilan Viktim Tranblemmantè a ap Afekte Ed Entènasyonal la?


Yon rapò gouvènman ameriken an kòmande fè konnen genyen mwens moun ki mouri ou ki pa genyen kay pou yo rete ke kantite gouvènman ayisyen an anonse nan tranblemanntè 12 janvye 2010 la nan peyi Dayiti.

Ajans nouvèl yo ki jwenn yon kopi rapò a di dokiman an estime bilan moun ki peri nan katastwòf la ap balanse ant 46 ak 85 mil mò---pi ba lontan pase sa gouvènman ayisyen an te anonse e ki te deklare se apeprè yon demi-milyon moun ki mouri nan tranblemanntè a.

Avèk revelasyon nouvo rapò USAID a ki mete pi ba kantite viktim tranblemanntè 12 janvye 2010 la, sèten obsèvatè ap mande eske sa kapab afekte asistans ak pwomès Ayiti resevwa nan men kominote entènasyonal la pou rekonstriksyon li.

Pou ekonomis Pierre Marie Boisson, nouvo chif yo pa ta dwe gen enpak sou pwomès asistans la. Li eksplike sa nan mikwo Jean Robert Philippe.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande Jean-Robert Philippe ak Pierre Marie Boisson nan yon entèviou.

XS
SM
MD
LG