Accessibility links

Breaking News

Ayiti Eleksyon: KEP a ap Enstale COVE yo nan Komin yo


Nan Gonayiv, Konsèy Elektoral Pwovizwa a ap aktive travay COVE yo (Centre des Operations et de la Verification Electorales) pou ede votan potansyèl jwenn kat didantite pou yo kapab patisipe nan eleksyon novanm nan.

Se menm sitiyasyon an nan vil o Kay kote youn nan manm KEP a, Madam Ginette Cherubin, te fè yon vizit madi 31 out 2010 la. KEP a ap enstale COVE nan 18 komin ki genyen nan Depatman Sid la.

Sou Il La Gonav, kèk lidè dwamoun leve lavwa pou yo denonse sa yo konsidere kòm endiferans Komisyon Enterimè Pou Rekonstriksyon Ayiti a vizavi moun k ap viv sou Il la. Yo fè konnen komisyon an konsantre atansyon l sou Pòtoprens ak gwo vil yo sèlman san konsiderasyon pou sitwayen k ap viv lòt kote.

Menm kritik la sòti bò kote Platfòm pou Òganizasyon Dwamoun ak Sitwayen Kont Lapòvrete, 2 òganizasyon k ap milite nan Plato Santral la.

Korespondan nou yo atravè Ayiti devlope nouvèl sa yo pou nou.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj VOA kreyòl pou jounen 1er septanm 2010 la

XS
SM
MD
LG