COREH (Collectif Pour Le Renouveau d'Haiti) yon gwoup ki rasanble ansyen ak nouvo palmantè e ki te toujou di li kont eleksyon novanm yo, anonse madi 31 out la li pral patisipe nan pwochen vòt la.
Ansyen depite Stephen Benoit ki pale nan non dirijan COREH yo fè konnen se yon desizyon responsab yo pran nan yon konsansis e gwoup la pral pwopoze e apiye kandidati 90 moun pou depite e 11 lòt pou pòs senatè.
Korespondan nou Rotchild Francois Jr. devlope nouvèl sa pou nou.
Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj Rotchild Francois Junior.