Accessibility links

Breaking News

Ayiti Eleksyon: Yon Avoka Bay Opinyon li Sou Desizyon KEP a


Nan yon entèvyou avoka e pwofesè dwa Osner Févry bay Jean Robert Philippe, li fè konnen, kelkeswa rezilta demach kandida ki pran kanè yo ap fè pou yo retounen nan kous la, dispozisyon yo pran pou yo ale ann apèl kont desizyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a se yon bon bagay pou demokrasi ayisyèn nan.

Daprè Mèt Févry, mouvman kandida sa yo pral antre nan dosye aksyon legal k ap fèt pou mande refòm nan lwa elektoral la an patikilye e nan konstitisyon ayisyèn nan an jeneral.

Avoka a kontinye pou l di jan lwa elektoral la ye jounen jodi a, li pa gen parèy li nan tout sistèm legal demokratik ki ann aplikasyon nan peyi ki fè pati mond oksidantal la.

"Defi kandida sa yo lanse kont desizyon KEP a pral ekspoze mankman ki gen nan lwa a e sa pral pote yon bon kontribisyon nan lit pou plis jistis e plis transparans nan mitan administrasyon piblik la nan peyi Dayiti." --Deklarasyon Mèt Osner Févry.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute yon entèvyou Jean Robert Philippe ak Mèt Osner Févry.

XS
SM
MD
LG