Accessibility links

Breaking News

Ayiti Eleksyon: Wyclef Jean Envite CNN Jedi 5 Out la


Daprè nouvèl ki parèt nan laprès amerikèn, chantè mizisyen ayisyen Wyclef Jean kapab anonse kandidati l pou plas prezidan nan eleksyon ki pral dewoule ann Ayiti nan mwa novanm 2010 la.

Chantè a kapab fè anons la jedi 4 out 2010 la a nan yon emisyon ki pase sou chèn televizyon ameriken CNN e ki rele Larry King Live.

Semèn pase a Wyclef Jean te deklare li déjà gen tout dokiman ki nesesè pou l enskri pou eleksyon prezidansyèl la, men li potko pran yon desizyon final.

Wyclef Jean, ki gen 37 tan, te antre Brooklyn, New York, depi li te gen 9 van ansanm ak manm fanmi l; men li toujou rete yon sitwayen ayisyen. Nan mitan ane 90 yo, li te tounen yon vedèt kòm manm fondatè gwoup mizikal Fugees ki te baze Ozetazini.

Wyclef trè popilè ann Ayiti, sitou pami jèn yo. Li se youn nan vedèt ki te patisipe nan efò sekou yo ann Ayiti apre tranblemanntè 12 janvye a ki te touye 250 mil moun pou pipiti. Wyclef Jean te deja ap ede popilasyon ayisyèn nan gras ak yon fondasyon ki rele Yele Haiti ke li te fonde an 2005.

Nan yon entèviou Wyclef Jean bay Time Magazin, li di tranblemanntè a fè l reyalize Ayiti pa kapab tann yon lòt peryòd 10 zan pou yon nouvo lidè dirije peyi a nan 21èm syèk la.

Anfen chantè/mizisyen an di si l pa kapab pran 5 kan nan karyè mizikal li pou l dirije Ayiti a kòm prezidan, tèm li devlope nan chante l yo, tankou dwa a legalite, pap gen oken sans.

XS
SM
MD
LG