Accessibility links

Breaking News

Ayiti Eleksyon: Sispens la ap Kontinye


Alòske tout moun --sitou lidè pati politik yo ak lòt sitwayen ki soumèt dokiman pou yo poze kandidati yo a la prezidans-- t ap tann Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) a pibliye lis kandida li agreye yo, otorite nan KEP a anonse byen ta madi 17 out la yo ranvwaye piblikasyon an pou vandredi 20 out la.

Nan kominike KEP la pibliye, li fè konnen manm konsèy la bezwen plis tan pou l analize plent li resevwa kont kèk kandidati e kandida konsène yo bezwen tan tou pou yo defann tèt yo kont plent sa yo.

Sou dosye sa a, korespondan nou Clarens Renois, ki te sou plas nan lokal KEP a, reponn kesyon Lyonel Desmarattes.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute entèvyou Lyonel Desmarattes ak Clarens Renois.

XS
SM
MD
LG