Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Lapolis Pwomèt Sekirite Apre Piblikasyon Rezilta Pasyèl Eleksyon Prezidansyèl Novanm yo


Ofisye lapolis Nasyonal D Ayiti (PNH) pandan yon seremoni an lonè ewo endepandans ak fondatè peyi a, Jean-Jacques Dessalines, nan Pòtoprens, 17 oktòb, 2014.
Ofisye lapolis Nasyonal D Ayiti (PNH) pandan yon seremoni an lonè ewo endepandans ak fondatè peyi a, Jean-Jacques Dessalines, nan Pòtoprens, 17 oktòb, 2014.

Daprè Enspektè Marc Wilkens Jean, pòtpawòl Enspeksyon Jeneral PNH, "polisye yo deja mobilize pou yo jere sitiyasyon pòs elektoral la nan peyi d Ayiti." Enspektè Jean pwofite okazyon an pou l felisite polisye yo pou "konpòtman pwofesyonèl" yo te montre pandan jounen elektoral dimanch 20 novanm 2016 la.

Enspektè Marc Wikens Jean lanse apèl bay polisye yo pou l mande yo kontinye aji ak menm pwofesyonalism yo te afiche anvan e pandan eleksyon yo.

Lapolis Nasyonal D Ayiti kap asire sekirite yon manifestasyon nan Pòtoprens, Ayiti, 28 novanm, 2016. Anvan piblikasyon rezilta pasyèl eleksyon an.
Lapolis Nasyonal D Ayiti kap asire sekirite yon manifestasyon nan Pòtoprens, Ayiti, 28 novanm, 2016. Anvan piblikasyon rezilta pasyèl eleksyon an.

Enfòmasyon sou mobilizasyon lapolis pou kenbe klima sekirite a nan peyi a apre eleksyon yo vini kèk jou apre Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) te pibliye rezilta preliminè prezidansyèl yo kote se kandida Pati Ayisyen Tèt Kale a (PHTK), Jovenel Moise, ki ranpòte laviktwa; patizan kèk pati politik ki pa kontan ak rezilta sa yo pran lari pou yo poze zak vyolans.

Kilke sou lyen odyo a pou w tande deklarasyon pòtpawòl IGPNH la, Marc Wilkens Jean, nan mikwo korespondans Lavwadlamerik nan Pòtoprens, Orpha Dessources.

Deklarasyon Pòt-Pawòl IGPNH la, Enspektè Marc Wilkens Jean, nan Mikwo Orpha Dessources
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:58 0:00


XS
SM
MD
LG