Accessibility links

Breaking News

Pwosesis Verifikasyon Pwosè Vèbal yo Kapab Retade Dat Piblikasyon Rezilta Definitif Prezidansyèl la


Yon biwo vòt nan Pòtoprens pandan dewoulman eleksyon yo ann Ayiti dimanch 25 oktòb 2015.
Yon biwo vòt nan Pòtoprens pandan dewoulman eleksyon yo ann Ayiti dimanch 25 oktòb 2015.

Jij nan Biwo Kontansye Elektoral Nasyonal la (BCEN) ap retounen yon lòt fwa nan Sant Tabilasyon an pou yo kontinye pwosesis verifikasyon pwosè vèbal yo. Medya ann Ayiti rapòte jiska yè dimanch la BCEN nan deja verifye plis pase 1100 pwosè vèbal sou yon total 1560 ke tribinal la te otorize.

Yon fwa pwosesis verifikasyon ta rive nan bout li, avoka pati politik kontestatè yo pral retounen devan Jij BCEN yo fason pou prezante prèv yo genyen sou frod ou byen iregilarite ki te anrejistre pandan dewoulman eleksyon prezidansyèl 20 novanm 2016 la. Mathias Pierre ki se youn nan konseye pati politik Platfòm Pitit Desalin di Lavwadlamerik nan mikwo Jean Pierre Leroy: li kapab difisil pou KEP a respekte dat 29 desanm nan pou l publiye rezilta definitif eleksyon prezidansyèl la.

Klike sou lyen odyo a pou tande entevyou Mathias Pierre te bay Lavawadlamerik.

Deklarasyon Mathias Pierre nan mikwo Jean Pierre Leroy
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:59 0:00

XS
SM
MD
LG