Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Reyaksyon Lèzetazini


Ayiti-Eleksyon: Reyaksyon Lèzetazini
Ayiti-Eleksyon: Reyaksyon Lèzetazini

Depatman Deta Ameriken an fè konnen li kontinye ap suiv etwatman evolisyon sitiyasyon nan peyi Dayiti apre rezilta preliminè premye tou eleksyon jeneral yo pwovoke manifestasyon e lakòz omwens 4 moun (3 Okay ak youn Okap) pèdi lavi yo.

Nan yon deklarasyon li fè mèkredi 8 desanm 2010 la nan Washington, DC, pòtpawòl Depatman Deta P. J. Crowley di Lèzetazini ak patnè entènasyonal li yo pare pou yo kore efò pou revize yon fason onèt iregilarite yo, dekwa pou rezilta final yo kadre volonte pèp ayisyen an jan li te eksprime li atravè bilten vòt yo.

Misye Crowley di: “Nou kontinye genyen kè sote deske anons rezilta preliminè Konsèy Elektoral Pwovizwa a pibliye yo pa kadre ak rezilta Konsèy Nasyonal Obsèvasyon an / ki te genyen plis pase 5.500 obsèvatè k ap suiv kontaj la nan 1.600 biwo’d vot atravè peyi a, ni ak obsèvasyon ofisyèl ameriken bò kote CEP fè jou vòt la, ni non plis ak kontaj anpil obsèvatè nasyonal e entènasyonal te obsève atravè peyi a."

Depatman Deta di Lèzetazini anbake nan konsolidasyon demokrasi nan peyi Dayiti e li lanse apèl bay gouvènman ayisyen an ak tout fòs politik yo pou yo asire ke rezilta eleksyon yo reflete kòmsadwa volonte pèp la.

Vyolans sa yo eklate mèkredi maten apre Konsèy Elektoral Pwovizwa a pibliye madi 7 desanm 2010 la rezilta preliminè eleksyon 28 novanm nan, rezilta ki mete Madam Mirlande Hippolite Manigat an premye pozisyon; Jude Celestin (kandida Pati Inite ki sou pouvwa a) an dezyèm epi chantè popilè Michel Martelly an twazyèm---yon pozisyon ki vle di li pap ka patisipe nan 2 zyèm tou eleksyon an 16 janvye k ap vini an--- dezyèm tou konstitisyon an prevwa si okenn kandida pa ranpòte yon majorite 50 vwa plis 1 nan premye tou a.

XS
SM
MD
LG