Accessibility links

Breaking News

Ayiti Eleksyon: Reyaksyon Aprè Piblikasyon Lis Kandida a La Prezidans yo


Yon ansyen palmantè ayisyen mande fòs mentyen la pè Nasyonzini yo ak polis nasyonal la travay ansanm pou garanti sekirite piblik la pandan peryòd elektoral la.

Ansyen senatè Deradieu Simon lanse apèl sa a nan wikenn nan pandan li te nan Plato Santral la. Toujou nan Plato Santral la direktè Biwo Elektoral Depatmantal la, Ortella Prudent, fè konnen KEP a ak BED la pran dispozisyon pou pèmèt elektè potansyèl yo jwenn kat idantite yo a tan pou yo kapab patisipe nan eleksyon jeneral ki fikse pou 28 novanm nan.

Nan depatman Latibonit la, la polis jwenn apèl ki mande l pote plis apui bay aksyon lajistis yo dekwa pou konbat krim nan rejyon an.

Anfen, sou Il La Gonav, menm jan ak Depatman Sid la reyaksyon depaman tonbe sou desizyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a pran pou li elimine 15 sou 34 òm politik ak lòt sitwayen ki te enskri pou yo patisipe nan kous prezidansyèl la.

Korespondan nou yo atravè Ayiti devlope nouvèl sa yo pou nou.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj VOA kreyòl pou jounen 23 out 2010 la

XS
SM
MD
LG