Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Prezidan Préval Aplike Demand OEA a


Ayiti-Eleksyon: Prezidan Préval Aplike Demand OEA a
Ayiti-Eleksyon: Prezidan Préval Aplike Demand OEA a

Prezidan ayisyen an, René Préval, mande Konsèy Elektoral Pwovizwa a kanpe sou piblikasyon rezilta li te gen pou l te pibliye lendi 20 novanm nan. Prezidan an pran desizyon sa a aprè demand sekretè jeneral Oganizasyon Eta Ameriken (OEA), Jose Miguel Insulza.

Desizyon sa a ,daprè yon nòt ki sòti nan katye jeneral òganizasyon rejyonal la nan Washington, ap pèmèt OEA prepare yon ekip espesyalis teknik k ap gen pou ale ann Ayiti pou ranfòse Misyon Obsèvasyon Elektoral Konjwen OEA-KARIKOM nan kad efò k ap fèt pou verifye dokiman elektoral yo.

Espesyalis teknik OEA yo gen po yo rive ann Ayiti semèn sa a. Gen anpil reyaksyon ak refleksyon ki deja sòti nan peyi a sou dosye a.

Korespondan nou yo devlope nouvèl sa pou nou ak lòt pwen k ap domine aktyalite a nan Pòtoprens ak lòt vil peyi Dayiti.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj jounen 20 desanm 2010 la.

XS
SM
MD
LG