Accessibility links

Breaking News

Ayiti Eleksyon: Plis Tan Pou Kanpayn Elektoral la


Konsèy Elektoral Pwovizwa a deside modifye kalandriye elektoral la yon fason pou bay kandida yo plis tan pou yo mennen kanpayn. Avèk modifikasyon sa a, kandida yo ap geneyn 2 fwa tan pou yo pran kontak ak elektè yo e mete platfòm yo devan piblik la.

Nna yon premye tan, y ap kapab sèvi ak postè, panflè, bilten ekri pou yo pran kontak avèk elektora a. Nan 2èm faz la, yo va kapab sèvi ak radyo ak telivizyon pou fè mesaj yo ak piblisite yo pase. KEP a ap genyen anviwon 20 milyon dola pou l ede kandida tout nivo fè depans ki nesesèpandan kanpayn elektoral la.

Pou plis detay sou chanjman ki fèt nan kalandriye elektoral la, koute yon repòtaj Clarens Renois.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj Clarens Renois.

XS
SM
MD
LG