Accessibility links

Breaking News

Ayiti Eleksyon: Plis Reyaksyon Aprè Piblikasyon Lis Kandida Yo


Abitan yo nan Il La Gonav mande otorite yo ede viktim tranblemanntè 12 janvye a olye yo okipe afè eleksyon.

Yon lòt kote, reyaksyon kontinye tonbe divès kote nan peyi Dayiti pou kritike Konsèy Elektoral Pwovizwa a poutèt fason li deside wete kèk kandida nan kous a la prezidans la pou eleksyon jeneral mwa novanm nan.

Nan Ench, Edmond Ambroise, yon kandida pou yon pòs nan sena a sou banyè Pati Solidarite; nan Jakmèl, Vital Deslouches, pòpawòl Mouvaman Altènativ Pou Devlopman ak Konstriksyon (MADRE); Okay, ekspè nan afè jiridik, Maudelère Cadet, tout pèsonalite sa yo leve lavwa pou yo denonse sa yo konsidere kòm yon vyolasyon lalwa ak tradisyon legal peyi a yo wè nan desizyon KEP a pran pou l bay kèk kandida move kanè.

Kòmantè sa a aplikab tou pou desizyon KEP a pran pou l aksepte kèk ansyen komi Leta patisipe nan kous la san yo pa genyen dechaj Konstitisyon an ak Lwa Elektoral la prevwa a.

Korespondan nou yo atravè Ayiti devlope nouvèl sa yo pou nou.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj VOA kreyòl pou jounen 25 out 2010 la

XS
SM
MD
LG