Accessibility links

Breaking News

Ayiti Eleksyon: Okenn Kandida Pou Pòs Prezidan Poko Enskri Nan KEP a


Direktè operasyon elektoral nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a, Jean Marie Louiner, fè konnen jiska dimanch 1 out la, kandida yo te vin chache enfòmasyon sèlman nan enstitisyon an olye yo depoze dokiman yo.

Mesye Louiner lanse avètisman pou l di, kandida potansyèl yo pa ta dwe pèdi tan pou yo enskri paske pap genyen okenn prolongasyon nan peryòd enskripsyon an.

Pandansetan, divès kote nan peyi a kandida agreye yo kontinye bay opinyon yo sou pwosesis elektoral la. Se konsa nan Plato Santral la, doktè Francisco Delacruz, kandida pou pòs senatè, fè konnen li pa dakò ak sektè politik ni sosyete sivil la k ap mande pou Prezidan Préval kite pouvwa a anvan manda l fini; sepandan mesye Delacruz pataje lide ki fè konprann yon pase mwen dwe fèt nan KEP a.

Yon lòt kote, nan depatman sid la, otorite lokal divès komin lanse apèl pou yo mande pouvwa santral la pran dispozisyon ki nesesè pou pwoteje rejyon an kont dega, doomaj ak posibilite pou gen viktim sizoka move ta frape depatman an.

Anfen, sou Lil Lagonav yon delegasyon ki soti Boston ete Massachusetts, Ozetazini, anonse li pral travay pou l pote konkou bay popilasyon lokal la nan domèn lasante, dlo potab ak elektrisite.

Korespondan nou yo ann Ayiti, devolpe nouvèl sa yo pou nou.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj 1 out 2010 la

XS
SM
MD
LG