Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: OEA ak CARICOM di "Eleksyon yo valab"


Ann Ayiti, obsèvatè entènasyonal ki tap swiv dewoulman eleksyon jeneral yo dimanch pase a fè konnen moun kapab konsidere vò̈t la kòm yon eleksyon valab, malgre iregilarite ki te pwovoke pwotestasyon e ki fè moun dononse sa yo rele “koken" ki ta genyen nan vòt la. Misyon obsèvasyon OEA-KARIKOM nan fè parèt yon deklarasyon nan sans sa a lendi 29 novanm 2010 la. Chèf misyon an, Colin Granderson, fè konnen misyon an pa panse iregilarite yo, menm si yo te grav kèk kote, sifi pou enfliyanse validite eleksyon an.

N ap reple 12 sou 18 kandida a la prezidans (genyen sous ki di kantite a plis toujou) te pran desizyon an tèt-ansanm, depi nan mitan jounen dimanch la, pou yo kite kous la, akoz sa yo konsidere kòm magouy prezidan sòtan an, René Préval, ta va fè pou l remèt pouvwa a bay kandida pati ki sou pouvwa a, Pati INITE, Jude Célestin. Kandida sa yo te mande pou eleksyon yo anile e refèt.

Akizasyon kandida yo lanse kont prezidan Preval ak KEP a (Konsèy Elektoral Pwovizwa a), sòti nan koken kare-bare yo ta fè pou enfliyanse rezilta vòt la, pou rive nan yon mank òganizasyon ki ta lakoz anpil votan pat jwenn non yo sou lis elektoral yo. Anpil elektè pa t konnen ki kote pou yo t al jete bilten yo. Konsa, pwotestasyon plizyè milye elektè ki te pran lari pou yo manifeste devan biwodvòt yo, te lakoz operasyon elektoral la preske kanpe nan anpil sikonskripsyon atravè peyi a. Malgre tout ensidan sa yo, Konsèy Elektoral la te fè konnen, nan fen jounen dimanch la, te gen iregilarite nan sèlman 56 sou mil 500 sant-de-vòt.

Lendi 29 novanm nan, yon pòtpawol Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon, pibliye yon deklarasyon kote li di chèf l’ONU an gen kè-sote akoz ensidan ki make dewoulman eleksyon yo ann Ayiti. Dokiman an kotinye pou l di misye Ban espere pati konsène yo va jwenn yon solisyon pou kriz politik sa a e li lanse apèl bay pèp ayisyen an ak aktè politik yo pou li mande yo gade kalm yo.

Nan jounen lendi a toujou, 2 pami kandida ki te nan tèt kous prezidansyèl la, Mirlande Manigat ak Michel Martelly, pale ak laprès pou di yo pa t bay akò yo pou piblikasyon deklarasyon an tèt-ansanm 12 kòlèg yo te fè parèt dimanch la. Madan Manigat ak Misye Martelly di yo pare pou yo ale nan yon 2èm tou si piblikasyon rezilta eleksyon an reflete volonte pèp la.

XS
SM
MD
LG