Sou efò k ap fèt pou rezoud kriz elektoral fè konnen Konsèy Elektoral Pwovizwa a fè samdi pase a premye rankont li ak kèk manm yon komisyon multi-pati pou rèvize pwosè vèbal eleskyon an yo. N ap siyale absans reprezantan kandida RDNP, Mirlande Manigat, ak kandida Repons Peyizan an Michel Martelly, ki rejte pwopozisyon KEP a.
Obsèvatè nasyonal yo ekri enstitisyon an pou mande l aksepte patisipasyon tou lè 19 kandida prezidansyèl yo nan operasyon rekontaj vwa yo. Konsènan delè k ap bout 13 desanm KEP a fikse pou pati ak kandida yo soumèt doleyans yo konsènan eleksyon 28 novanm nan.
Plizyè sektè lanse lide ki mande kounye a, an plis anilasyon eleksyon yo, òganizasyon yon 2èm tou ak 3 premye kandida yo, tandiske gen lòt ki di se tout kandida yo ki ta dwe patisipe nan 2èm tou a nan dat 16 Janvye 2011 e kandida ki ta ranpòte plis vwa a, ta eli prezidan Ayiti.
Pastè Chavannes Jeune, kandida Alyans Kretyen-Sitwayen pou Rekonstriksyon Ayiti (ACRA), ap fikse pozisyon n, antwòt, nan mikwo Jean Robert Philippe.
Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj sa a.