Accessibility links

Breaking News

Ayiti Eleksyon: Kritik Kont Konsèy Elektoral Pwovizwa a ap Kontinye


Nan Pòtoprens, yon lidè politik nan mond pwotestan an, Pastè Chavannes Jeune, fè konnen l ap negosye ak lòt gwoupman politik nan menm sektè a pou yo enskri yon sèl kandida pou eleksyon prezidansyèl novanm yo.

Nan wo Atibonit la reprezantan opozisyon an leve kanpe kont desizyon Konsèy Elektoral la pran pou l aksepte depo kandidati ansyen komi Leta (sètadi ansyen wo fonksyonè gouvènman an) san yo pa prezante dokiman ki montre yo resevwa yon dechaj konplènan men kou siperyè dè kont ak kontansye administratif. Nou jwenn menm reyaksyon sa a bò kote majistra kominal Pwent a Rakèt la nan Il La Gonav, bò kote espesyalis nan kesyon jiridik yo nan vil O Kay, e nou jwenn menm pozisyon sa tou bò kote militan dwa moun yo nan vil Jakmel.

Nan Plato Santral la, yon asosyasyon k ap defann dwa medam yo denonse le fèt ke twòp pati politik ap fòme nan peyi a. Asosyasyon fanm sa a lanse apèl pou l mande lidè politik yo fè fizyon antre yo si vrèman yo vle defann enterè pèp la e non enterè pèsonèl yo.

Korespondan nou yo atravè Ayiti devlope nouvèl sa yo pou nou.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj VOA kreyòl pou jounen 6 out 2010 la

XS
SM
MD
LG