Accessibility links

Breaking News

Ayiti Eleksyon: Kontestasyon Kont 9 Kandida


Nan moman pwosesis elektoral la rive nan faz yo rele "Faz Kontastasyon", 9 kandida a la prezidans genyen pou yo defann tèt yo kont akizasyon kòmkwa dokiman yo soumèt bay Konsèy Elektoral Pwovizwa a pou montre yo kalifye pou yo poze kandidati yo, pa satisfè egzijans lwa elektoral la.

N ap raple ke daprè lwa sa a, nenpòt ki sitwayen kapab konteste yon kandidati depi li gen prèv pou l apiye demach li a.

Moun ki pote plent la ak kandida li denonse a genyen jous dat 17 out pou yo prezante agiman yo devan tribinal elektoral ki fòme pou tande afè sa yo.

Jean Pierre Leroy fè yon entèvyou sou dosye sa a avèk Louiner Jean Marie direktè operasyon elektoral la nan KEP a.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute entèvyou Jean Pierre Leroy.

XS
SM
MD
LG