Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: KEP a Pral Pibliye Rezilta yo Mèkredi 20 Avril la


Ann Ayiti, KEP a genyen pou pibliye mèkredi 20 avril 2011 la rezilta final elekyon

Ann Ayiti, KEP a (Konsèy Elektoral Provizwa a) genyen pou pibliye mèkredi 20 avril 2011 la rezilta final elekyon ki te dewoule nan dat 20 mas pase a. Tout obsèvatè ap tann konfimasyon eleksyon Michel Joseph Martelly kòm Prezidan de la Repiblik apre rezilta preliminè yo te ba kandida Repons Peyizan an plis ke 67 pousan vwa yo. Rezilta yo te sipoze parèt depi samdi 16 avril la; men responsab KEP yo te ranvwaye yo pou rezon teknik. Pandansetan, sipozisyon kontinye fèt sou kesyon pou konnen kilès ki pral okipe pòs premye minis la. Tandiske aktyèl Premye Minis la, Jean Max Bellerive, di li ta dispoze rete nan pòs la si li resevwa demand pou sa, nouvèl yo fè konnen Misye Martelly ap konsidere divès posiblite; youn nan posiblite sa yo se ta chwa youn nan pèsonalite ki te ede l pandan kanpay elektoral la, avoka Gervais Charles. Analis yo di moun pa dwe prese ak dosye sa a pou plizyè rezon; pa egzanp, Chanm Bas la genyen pou l fin fòme nèt epi Sena a gen pou l konplete konfigirasyon n apre elekyon 20 mas yo, anvan pou palman an pare pou l konfime kandida nouvo Prezidan an va pwopoze pou pòs Premye Minis la.

XS
SM
MD
LG