Direktè kominikasyon KEP a, Richardson Dumel nan yon deklarasyon pou laprès lendi 20 septanm 2016 la raple pati politik yo pou yo mennen kanpay yo pasifikman e san vyolans. Misye Dumel ajoute KEP ap pran mezi kont tout moun ki ta deside fè dezòd nan peryòd kanpay la.