Accessibility links

Breaking News

Jude Celestin nan Sant Tabilasyon an pou Verifye Iregilarite nan Prezidansyèl Novanm 2016 la


Jude Celestin kandida alaprezidans Ayiti (LAPEH)
Jude Celestin kandida alaprezidans Ayiti (LAPEH)

Dapre kandida alaprezidans pati LAPEH a, Jude Celestin, ta gen plizyè iregilarite nan eleksyon prezidansyèl 20 novanm pase yo. Misye Celestin te di Lavwadlamerik li ta pral prezante nan sant Tabilasyon an, mèkredi 21 desanm 2016 la, pou l al konpare pwosè vèbal pa li yo ak pa Konsèy Elektoral Pwovizwa a.

Jude Celestin, kandida alaprezidans peyi D Ayiti sou pati politik LAPEH pandan li tap vote nan eleksyon oktòb 2015. (Foto: Pòtoprens, Ayiti, 25 oktòb 2015.)
Jude Celestin, kandida alaprezidans peyi D Ayiti sou pati politik LAPEH pandan li tap vote nan eleksyon oktòb 2015. (Foto: Pòtoprens, Ayiti, 25 oktòb 2015.)

Lendi 19 desanm 2016, Jij Biwo Kontansye Elektoral Nasyonal yo (BCEN) te òdone verifikasyon 12 pousan nan pwosè vèbal prezidansyèl yo. Pwosesis verifikasyon sa yo ki antre nan 3 zèm jounen l, jedi 22 desanm 2016 la, ap kontinye. Pandanstan, manke 7 jou sèlman pou 29 desanm, dat KEP a fikse pou piblikasyon rezilta definitif yo, rive.

Yon lòt kote, poko gen enfòmasyon pou konnen si pwosesis verifikasyon pwosè vèbal yo ap pran fen avan dat piblikasyon rezilta final prezidansyèl yo.

Ki sa kandida pwotestatè yo pral fè si yo pa jwenn satisfaksyon yo tap chèche a apre verifikasyon 12% pwosè vèbal sa yo?

Kandida LAPEH a, Jude Celestin, ki tap repon kesyon Ronald Cesar, pat vle bay plis detay sou kesyon sa a.

Klike sou lyen odyo a ki anba tèks la pou tande deklarasyon Kandida pati LAPEH nan mikwo Ronald Cesar.

Deklarasyon kandida alaprezidans (LAPEH), Jude Celestin, nan mikwo Ronald Cesar
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:29 0:00

XS
SM
MD
LG