Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Eleksyon Jeneral Ap Dewoule Jodi Dimanch 28 Novanm Nan


Nan peyi Dayiti sitwayen yo ap patisipe nan yon eleksyon ki parèt kòm youn nan vòt ki pi enpòtan pou peyi a depi dèzane. Yon afè 4 milyon 500 mil elektè ka al lage bilten dimanch 28 novanm 2010 la pou yo eli yon prezidan pou yon peyi k ap chache rekanpe sou pye l apre yon kokenn tranblemanntè te frape li nan kòmansman mwa janvye a e kounyeya l ap lite anba yon epidemi kolera. Elektè ayisyen yo pral chwazi yon moun pou ranplase Prezidan René Préval ki pase 2 manda sou pouvwa-a e ki pa kalifye pou yon 3èm.

Gen 16 kandida nan kous a la prezidans la apre 3 sou 19 te anonse yo kraze yon kite sa, --kidonk yo sòti nan kous prezidansyèl la. 3 nan 16 yo ap mennen pami sila yo k ap chache ranplase Prezidan Preval yo. Ansyen Premyè Dam Mirlande Manigat ta tounen premye fanm ki prezidan peyi a si l pase nan eleksyon an. Yon atis-chantè popilè, Michel Martelly --alyas Sweet Micky-- rale gwo foul patizan dèyè l. E yon manm pati INITE (pati ki sou pouvwa a), Jude Célestin, se youn nan kandida ki devan tou nan sondaj yo. Rezilta preliminè yo ka pa soti pazavan 7 desanm, e Konsèy Elektoral Pwovizwa a ka pa pibliye rezilta ofisyèl final yo anvan 20 Desanm.

Menm jou dimanch- la tou, Ayisyen yo ap eli tou lè 99 manm chanm depite a ak 11nan manm sena a ki gen 30 syèj. Yon 2èm tou ap nesesè nan dat 16 Janvye si okenn nan kandida yo pa ranpòte majoriet absoli vwa yo, swa 50 pou san plis yon vwa. Plizyè milye obsèvatè entènasyonal pran pozisyon nan 11 mil biwo-vòt yo nan espwa yo va kapab chanje yon tandans ki la lontan ann Ayiti, sètadi magouy elektoral ak zak entimidasyon, zak kraponnay ki abitye make eleksyon yo nan peyi a. Kèk obsèvatè panse eleksyon 28 novanm nan ann Ayiti genyen yon karaktè istorik pou plizyè rezon:

-Se premye fwa rèn pouvwva a ap sòti san pwoblèm nan men yon lidè pou l pase nan men yon lòt;

-Si Madan Manigat gen laviktwa, se ta premye fwa yon fanm t ap ranpòte yon eleksyon nan tout istwa peyi a;

-Si se Michel Martelly ki venkè a, se premye fwa yon atis (mizik popilè ankò) t ap vin Prezidan de la Repiblik;

-Epi se premye lidè kapmonte sou pouvwa a aprè trajedi 12 janvyue 2010 la, kote yon gwo kokenn tranblemanntè te kraze peyi a. Kidonk, nouvo prezidan an pral genyen yon responsablite istorik pou l dirije travay rekonstriksyon peyi a.

Nan okasyon eleksyon jeneral 28 novanm yo ann Ayiti, Lavwadlamerik envite oditè l yo swiv yon pwogramasyon espesyal pandan jounen dimanch la.

XS
SM
MD
LG