Accessibility links

Breaking News

Ayiti Eleksyon: Dispozisyon Pou Garanti Sekirite Elektè yo


Sekretè Deta ayisyen pou sekirite piblik, Aramis Louis, fè konnen biwo li lanse yons eri de rankont avèk reprezantan divès sektè pou yo brase lide sou travay ki nesesè pou bay piblik la sekirite nan okazyon eleksyon jeneral 28 novanm 2010 la.

Mesye Louis ajoute, otorite ayisyen yo pral jwenn apui misyon mentyen lapè L'ONI an (MINUSTAH) pou l reyalize objektif sa a.

Yon lòt kote, otorite lokal yo nan Wo Plato Santral la te fòme yon delegasyon ki ale nan lokalite Cerca Carvajal kote yo pale avèk kèk kandida ki te mele nan zak vyolans sa pa gen lontan. Manm delegasyon an fè belijeran yo konnen li pi bon pou yo sèvi ak kat elektoral la pou yo rezoud pwoblèm yo olye yo sèvi ak vyolans.

Nan Ba Plato Santral la, reprezantan ONI (Ofis Nasyonal Idantifikasyon) fè konnen, sòti nan mwa janvye pou rive jounen jodi a, plis pase 20 mil moun enskri pou yo jwenn kat idantite nasyonal la. Repreznatan an ajoute pwosesis la ap kontinye pou pèmèt tout moun jwenn kat yo anvan dat eleksyon an, swa 28 novanm pwochen.

Nan Gonayiv, ACF (Action Contre la Faim) enstale 3 sant kote medam yo, stiou jèn manman yo, va kapab ale pou yo jwenn asistans ak konsèy sou fason pou yo jere lavi yo e ede pitit yo devlope.

Sou Il La Gonav, peyizan fè konnen y ap konfwonte anpil pwoblèm ki ta ka jwenn soulajman si otorite santral yo te enterese chache solisyon pou pwoblèm sa yo. Peyizan yo site, pa egzanp, ensekirite, pri lavi a ki monte 17 wotè, lasante ak mank manje.

Nan vil O Kay, minis sante piblik ayisyen an, Dr. Alex Larsen, deklare depatman l ap dirije a yon sant fòmasyon nan vil la pou prepare ajan sanitè ki va ede responsab lasante yo fè travay prevansyon kont maladi. Minis Larsen di lajan pou pwojè sa a la deja e sant la te dwe kòmanse opere nan mwa novanm pwochen .

Korespondan nou yo atravè Ayiti devlope nouvèl sa yo pou nou.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj VOA kreyòl pou jounen 9 septanm 2010 la.

XS
SM
MD
LG