Accessibility links

Breaking News

Ayiti Eleksyon: Dimanch Ayisyen Pral Vote pou Yon Prezidan, 99 Depite ak 11 Senatè


Nan moman elektè yo nan peyi Dayiti pare pou y al vote nan eleksyon jeneral ki fikse pou dimanch k ap vini la a, yon epidemi kolera ki déjà touye plis pase mil 300 moun, ak konsekans yon tranblemandetè tèrib ki te frape peyi a nan dat 12 janvye pase a, kontinye okipe yon gwo plas nan aktyalite a.

Anviwon 4 milyon 500 mil sitwayen ayisyen gen dwa vote nan eleksyon dimanch la kote yo pral chwazi yon nouvo prezidan, tout manm chanm depite a ki genyen 99 manm, ak anviwon yon tyè manm sena a (pi presizeman 11 sou 30 senatè).

Youn nan responsablite nouvo prezidan de la repiblik la se, antwòt, fè alokasyon plizyè milyon dola èd dijans Ayiti resevwa pou l fè fas ak pwoblèm ki makònen ak sitiyasyon tèrib 2 kalamite nou sòt site la yo kreye, mete sou move konsekans siklòn ki devaste sektè agrikòl la.

19 kandida te enskri pou yo ale dèyè chèz boure a, daprè lis ofisyèl Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) te pibliye. Men nan mitan semèn nan nouvèl yo fè konnen 3 nan yo deside kraze on kite sa, kidonk yo abandone kous prezidansyèl la.

Pami 16 ki rete yo, gen 3 ki devan nan entansyon de vòt yo, daprè rezilta yon sondaj ki parèt mèkredi 24 novanm 2010 la. Ansyèn premyè dam Mirlande Manigat, kandida RDNP (Rasanbleman Demokrat Nasyono-Progresis) vini nan premyè pozisyon an; e si l ranpòte kous la dimanch, l ap tounen premye fanm k ap monte sou pouvwa ann Ayiti gras a yon eleksyon.

Nap raple aprè depa Duvalier, peyi a te genyen yon fanm nan tèt li, yon jij nan Kou Kasasyon an, Ertha Pascal Trouillot; men se pa t eleksyon ki te pèmèt li rive nan palè nasyonal la. Nan 2èm pozisyon nou jwenn kandida pati ofisyèl la, INITE, Jude Celestin. An 3èm pozisyon sondaj la bay yon chantè-mizisyen popilè, Michel Martelly --alyas Sweet Micky-- ki mennen anpil moun dèyè l nan konsè-mizik ou lòt aktivite li òganize pou l divèti fanatik li yo.

Si eleksyon yo fikse pou dimanch 28 novanm nan, obsèvatè k ap swiv eleksyon ann Ayiti depi lontan fè konnen moun pa dwe atann yo aske rezilta preliminè yo parèt pa zavan le 7 desanm; e KEP a pa p pibliye rezilta final yo pazavan le 20 desanm.

Yon 2èm tou kapab dewoule an desanm si okenn nan kandida yo pa reyalize majorite absoli vwa yo, swa 50 pou san plis 1.

Daprè konstitisyon pèp ayisyen an te ratifye le 29 mas 1987 la, Prezidan René Préval pa gen dwa ale dèyè yon lòt manda, aprè li pase 2 manda altène sou pouvwa a.

XS
SM
MD
LG