Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Egzamen BAC: Elèv Yo Gen Kesyon


Ayiti-Egzamen BAC: Elèv Yo Gen Kesyon
Ayiti-Egzamen BAC: Elèv Yo Gen Kesyon

Nan peyi Dayiti, kèk elèv k pa patisipe nan egzamen bakaloreya fè konnen kèk nan konpozisyon pa koresponn ak etid yo te fè, sètadi yo pa koreponn ak matyè pwofesè yo te anseye yo pandan ane skolè a.

Yon lòt kote, nan kèk vil pouvwa egzekitif la enstale nouvo delege ki pral reprezante l nan pwovens yo. Divès seremoni konsa dewoule nan chèf-lye kèk depatman jewografik.

Nan Mirbalè, evèk vil Ench la prezante yon mesaj nan okazyon fèt patronal la kote li mande plis amoni ak plis libète pou pèp ayisyen an.

Nan Sen Mak, yon òganizasyon dwa moun defann dwa Konsèy Elektoral Pwovizwa a pou l egzèse privilèj lalwa ba li.

Anfen, nan Gonayiv, yon seminè dewoule pou bay popilasyon an enfòmasyon sou fason pou l pwoteje tèt li sizoka ta gen siklòn.

Korespondan nou yo atravè Ayiti devlope nouvèl sa yo pou nou.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj VOA kreyòl pou jounen 26 out 2010 la

XS
SM
MD
LG