Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Edikasyon: Nouvèl Ane Eskolè a Kòman Lendi 4 Oktòb la


Minis Edikasyon Nasyonal peyi Dayiti a, Joel Desrosiers Jean-Pierre, fè konnen li trè enpòtan pou tout sektè pote kontribisyon yo nan siksè nouvèl ane skolè a. --premye ane skolè ki ouvri apre tranblemanntè 12 janvye pase a. Nan yon apèl mesye Desrosiers Jean-Pierre lanse bay elèv yo, paran yo ak pwofesè yo, li rekonèt difikilte ki makonnen avèk reouvèti klass yo, espesyalman nan yon moman kote peyi a ap travèse yon epòk ekonomik malouk.

Minis la pale de yon inisyativ gouvènman an pran avèk peyi donatè yo pou ede manman ak papa pitit yo voye timoun yo lekòl malgre sitiyasyon difisil sa a.

N ap raple ke lekòl ouvri sou teritwa nasyonal la lendi 4 oktòb 2010 la. Nan okazyon an Sèvis Sikilasyon pran tout dispozisyon pou asire sekirite elèv yo.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj jounen 4 oktòb 2010 la.

XS
SM
MD
LG