Accessibility links

Breaking News

Otorite Ayiti ak Repiblik Dominikèn Vle Nòmalize Rapò an Ans-A-Pit ak Pedernales


Zòn Fwontyè ant Ayiti ak Repiblk Dominikèn
Zòn Fwontyè ant Ayiti ak Repiblk Dominikèn

Sou pati sid Frontyè ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn, mijistra kominal 2 vil ki sibi konsekans fèmti mache bi-nasyonal ki desèvi popilasyon respektif yo, Ans-A-Pit ak Pedernales, rankontre nan jounen jedi 12 avril 2018 la pou yo te diskite sou mwayen ki ka pèmèt re-ouvèti fwontyè a an jeneral e mache a an patikilye. Aprè rankont la, Majistra Harry Bruno (Ayiti) ak Manuel Felix (Dominikani) te bay yon konferans pou laprès ansanm pou yo te pale de tèm diskisyon yo epi presize mach-a-swiv yo dispoze adopte pou yo debouche sou re-nòmalizasyon sitiyasyon an.

KONSEKANS YON SITIYASYON ANOMAL E REGRETAB

Vremanvre, popilasyon Ans-A-Pit ak Pedernales pase plizyè semèn san echanj komèsyal ki te toujou sèvi kòm yon platfòm solid pou disponibilite pwodui ke ni youn ni lòt bezwen pou pèmèt sitwayen 2 peyi yo k ap viv sou 2 bò fwontyè, mennen yon vi nòmal. Sa ki eksplike karaktè nòmal echanj ki abitye fèt ant 2 vil yo se yon sòt de senbyoz natirèl ki toujou egziste ant popilasyon 2 vil ke sèlman yon lizyè natirèl (rivyè, montay, ect) ou atifisyèl (divizyon administratif ou konvansyonèl) separe, paske nou ka jwenn vil konsa nan yon sèl e menm peyi, menm jan nou ka jwenn yo nan 2 peyi diferan. An fèt, reyalite moun Pedernales ak Ans-A-Pit yo ap viv la, se menm reyalite nou jwenn nan mitan il Hispanyola a, nan Malpasse (Ayiti) e Jimani (R.D.), pi wo toujou sou fwontyè a ant Belladère ak Elias Pinas, e nan pati nò il la nan vil Wanament ak Dajabòn.

Men disponibilite pwodui ki te toujou nan mitan echanj komèsyal ant 2 peyi yo te vin bloke briskeman nan nivo Pedernales ak Ans-a-Pit sa gen anviwon yon mwa aprè yon ensidan ki poko klarifye nèt e kote 2 imigran ayisyen ta swadizan asasine yon koup dominiken. Kòm reyaksyon, popilasyon Pedernales la te leve kanpe kont prezans ayisyen nan rejyon an epi finalman yo te bay tout imigran peyi vwazen an yon delè pou yo te kite tèritwa dominiken an; pase delè sa a, tout move bagay te ka rive ayisyen yo jwenn nan Pedernales.

FINALMAN OTORITE 2 PEYI YO DISPOZE SATISFE APEL POPILASYON PEDERNALES AK ANS-A-PIT
Devan yon sitiyasyon konsa, tout Ayisyen te travèse fwontyè a epi yo te mete tèt sou direksyon lwès pou yo antre Ans-A-Pit. Depi lè sa a echanj komèsyal yo te kanpe, fwontyè a te fèmen avèk, kòm konsekans fèmti mache bi-nasyonal la ki esansyèl pou majorite moun k ap viv sou 2 bò Rivyè Pedernales la mennen lavi chak jou yo. Yon Ayisyen yo te fin kite tè panyòl, daprè nouvèl laprès nan 2 peyi yo bay, sektè biznis dominiken an nan rejyon ektrèm sid fwontyè a pat pran twòp tan pou l santi konsekans negatif yo avèk aktivite komèsyal yo ki te sibi yon bès ekstwodinè: kèk sous ofisyèl nan Santo-Domingo ak Pedernales, te pale de yon raltisman jiska 80% aktivite yo. E dominiken nan tout nivo -- administrasyon piblik tankou majistra a ak dirijan sèktè komfs ak endistri a-- te prese lanse apèl bay otorite 2 peyi yo pou yo te fè san pèdi tan entèvansyon ki te nesesè pou eta rapò ant 2 popilasyon yo retounen nan nòmal li. E se pou satisfè apèl sa yo ki sòti toupatou majistra Harry Bruno ak Manuel Felix Matos te rankontre, yo chak akonpayi ak ekip asistan yo, pou yo anvizaje mwayen ki ka nòmalize sitiyasyon an; paske deteryorasyon eta rapò ant 2 popilasyon yo apre ensidan mwa Mas pase a gen konsekans tèrib sou lavi a nan vil 2 majistra yo ap dirije yo.
XS
SM
MD
LG