Accessibility links

Breaking News

Ayiti: 47 Milya Goud nan Bidjè 2018-2019 la Repoze sou Resèt DGI


Yon machan kap pase tout pre yon kamyonèt nan Pòtoprens. Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares, 14 septanm 2018.
Yon machan kap pase tout pre yon kamyonèt nan Pòtoprens. Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares, 14 septanm 2018.

Direktè DGI a, Miradin Morlan, ankouraje sitwayen yo pou yo fè deklarasyon definitif denpo yo. Li raple dat limit la ap ekspire 31 janvye kap vini an.
Nimewo 1 DGI a di li angaje l pou rive ramase 47 milya goud, lajan adminstrasyon li an dwe kontribye nan bidjè 2018-2019 la.

Reyaksyon e apèl kèk lidè politik sou kriz ekonomik e sosyal peyi a

Depite Grand Goave la, Jean Marcel Lumérant, yon lòt fwa ankò denonse bidjè 2018-2019 la egzekitif la depoze nan Palman an. Dapre depite a, prévizyon swadizan kwasans ki genyen nan bidjè a pa reponn ak konpleksite sitiyasyon ekonomik peyi a.


Lidè GREH la, Himler Rebu bò kote pal ankouraje otorite yo ak aktè kle nan kriz politik peyi a pou aji vit yon fason pou rive rezoud pwoblèm ekonomik ak sosyalla. Dapre Himler Rebu tout bagay ka rive nan peyi a men jan ak sak te pase nan dat 6 e 7 jiyè 2018 la.

XS
SM
MD
LG