Accessibility links

Breaking News

Enkoni Menase pou Yo Boule Palman an, daprè Vis-Prezidan Asanble Nasyonal la, Depite Gary Bodeau


Dapre Prezidan Chanm Depite a, Gary Bodeau, ta genyen yon menas ki pandye sou tèt syèj palman an. An tou ka se sa Misye Bodeau deklare nan mikwo yon estasyon radyo nan Pòtoprens, nan jounen mèkredi 18 jiyè 2018 la. Prezidan Chanm Bas la ta menm presize ke moun ki lanse menas yo fè konnen nan 48 tè yo pral mete menas sa yo an egzekisyon.

Nan yon entèvyou Misye Bodeau bay Lavwadlamerik, li di:

<<Nou PA kapab reyini. Eli nou yo genyen gwo lapèrèz paske se pa ni youn ni 2 menas yo pa resevwa. Wi, nou resevwa menas; e nou gen rezon pou n kwè menas sa yo reyèl. Se vre ke palman an genyen sekirite; men se pa tout senatè, e pa tout depite ki gen sekirite lakay yo. >>

Se konsa, daprè lidè Chanm Bas la kise vis-prezxai Asanble Nasyonal la, akoz mesas sa yo, otorite yo nan palman an byen kapab mete fen nan sesyon òdinè asanble lejislatif la depi nan mwa jiyè a olye yo tann 2èm lendi mwa septanm nan“, ki se dat konstitisyon an prevwa a.”

================================================

Yon lòt kote, Vis-Prezidan Asanble Nasyonal la fè konnen kijan li konsevwa pwofil pèsonalite Prezidan Jovenel Moise ta dwe chwazi pou dirije pwochen gouvènman an. M. Bodeau reponn kesyon Ronald César.

Depite Gary Bodeau bay opinyon li, kòm yon vwa palmantè ofisyèl, sou pwofil pwochen Premye Minis la nan mikwo Ronald César.
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:06 0:00

Pou plis detay sou lòt pwen nan aktyalite ann Ayiti, ale sou sit entènèt nou: www.voanouvel.com.

XS
SM
MD
LG