Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Ministè Lajistis Mande Lapolis Deloje Ansyen Militè Demobilize yo


Ministè lajistis peyi Dayiti ekri direksyon jeneral Polis Nasyonal la pran dispozisyon pou degèpi ansyen militè demobilize yo nan ansyen baz yo.

Ansyen manm militè sa yo gen kèk mwa depi yo antre nan sèten kazèn nan diferan pati peyi a. Manm ansyen fòs lame ayisyèn nan ap mande gouvènman an pou non sèlman reintegre yo men pou l peye yo lajan salè yo ke yo pa janm jwenn depi 18 an depi lè lame a te disoud la.

Minis jistis la li menm ekri yon lèt bay direktè polis la, Mario Andresol, pou l pran pozisyon pou l deloje ansyen militè yo paske daprè minis jistis la, nèg ame ann inifòm sa yo reprezante yon danje pou eta de dwa y ap chèche mete nan peyi.

Plis presizyon avèk Clarens Renois.

Klike sou lyen ki pa anlè a pou w koute detay avèk Clarens Renois

XS
SM
MD
LG