Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Chanm Depite a Retounen Lwa Finans la Bay Ekzekitif la pou Vis de Fòm


Premye minis ayisyen an Jean Henry Ceant (adwat) ak prezidan chanm depite yo Gary Bodeau (agoch) nan Palè Nasyonal, 17 septanm 2018. Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares .
Premye minis ayisyen an Jean Henry Ceant (adwat) ak prezidan chanm depite yo Gary Bodeau (agoch) nan Palè Nasyonal, 17 septanm 2018. Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares .

Biwo Chanm Depite ayisyen an retounen bay pouvwa egzekitif la lwa finans 2018-2019 la pou vis de fòm, Prezidan chanm depite a, Garry Bodeau, ekri chèf leta a Jovenel Moise pou eksprime espwa l lwa finans la ap korije pou l respekte lwa 4 me 2016 la.

Chanm depite a di desizyon an baze sou yon korespondans li resevwa nan men "Cour Superieur des Comptes et du Contatieux Administratif (CSC/CA)" ki eksprime dout sou respè kad legal ak lòt pwoblèm ankò.

Pwojè bidjè 2018-2019 la kontinye pwovoke anpil reyaksyon pozitif e nagatif nan moman minis ekonomis ak finans lan, Ronald Décembre, ap pare l pou chita ak komisyon finans Sena ayisyen an.

Minis Ekonomi ak Finans la kòmanse yon seri chita pale ak komisyon finans chanm depite yo apre depo bidjè 2018-2019 la, yon bidjè ki deja pwovoke anpil kritik.

Bidjè 2018-2019 la evalye a 172 milya 825 mil goud. Dapre minis Decembre, gouvènman Moïse/Céant fè yon apwòch pridan nan elaborasyon bidjè sila a ki reponn ak egzijan sosyo-ekonomik peyi a.

Selon minis la, apwòch pridan sa ap pèmèt tou plis kontwòl sou enflasyon an kote lajan ameriken ap vale teren pa rapò ak goud la kad pèdi plis valè. Sepandan, plizyè ekonomis kritike bidjè 2018-2019 la tankou ekonomis Eddy Labossiere ki fè konnen, o mwen gouvènman an te dwe prezante yon bidjè 200 milya good e san defisi akoz de jan sitiyasyon an ye nan peyi a.

XS
SM
MD
LG