Chanm depite ayisyen an ap pare pou l ouvè pwòp ankèt pa li sou dosye arestasyon Depite Arnel Belizaire la.
Plizyè palmantè ekri Prezidan Chanm Bas la, Saurel Jacinthe, yon lèt kote yo mande kreyasyon yon komisyon espesyal ki pral gen pou mennen ankèt sou dosye sa a.
N ap raple minis jistis ayisyen an, Josué Pierre-Louis, te remèt demisyon n kèk èdtan avan yon seyans entèpèlasyon ki te gen pou dewoule nan Sena a 22 novanm pase a, pou swadizan respondablite Depatman li tap dirije a nan afè a.
Depite Arnel Belizaire te jwenn arestasyon li nan ayewopò entènasyonal Potoprens la jou ki te 28 oktòb 2011 la. Palmantè a te jwenn liberasyon li yon jou apre, swa nan dat 29 oktòb 2011 la.