Chanm depite a ratifye vandredi 16 septanm 2011 lan chwa premye minis deziye Doktè Gary Cornille nan yon seyans ki dire 1èd tan ak 89 vwa pou, 0 kont ak 0 abstansyon.
Komisyon espesyal depite ki t ap etidye dosye premye minis deziye aiysyen an, Dr. Garry Conille, prezante rapò analiz yo nan yon seyans ratifikasyon ki fèt nan chanm bas la. Seyans ratifikasyon an fèt nan moman kote tandans yo te vle an favè Mesye Conille.
Palmantè yo fè yon deba ki te dire 1èd tan e pi vote rapò a. Doktè Gary Cornille pral gen pou l soumèt pyès li nan biwo chanm sena a nan kad 2èm etap pwosesis ratifikasyon an.
Sepandan, Gwoup 16 (senatè majoritè yo) pa ko pran yon pozisyon definitif sou dosye sa a apre dènye rankont li te genyen avèk prezidan Ayisyen an, Michel Joseph Martelly.