Accessibility links

Breaking News

KONKAKAF-Foutbòl: Dout sou Syèj Match Ayiti-Beliz la Apre Jwè Belizyen yo Manke Viktim Ensekirite nan Pòtoprens


Ayiti ap tann desizyon FIFA gen pou pran sou yon posib deplasman yon mach Ayiti-Beliz apre bandi nan Pòtoprens te sèvi ak zam pou menase ekip Beliz la apre li te rive ann Ayiti, 

Responsab yo nan Federasyon Foutbòl Ayisyen (FHF) ap tann Federasyon Entènasyonal Foutbòl Asosyasyon an (FIFA) pran yon desizyon sou kesyon pou konnen èske òganizasyon entènasyonal la ap deplase syèj yon match kalifikatif pou pwochen koup di mond la ant Ayiti ak Beliz –match ki sipoze dewoule nan Pòtoprens jedi 25 mas la.

Tessier Jeanty, direktè kominikasyon nan FHF, bay Lavwadlamerik yon entèvyou kote li di yon espesyalis FIFA nan domèn sekirite rankontre ak ofisyèl 2 ekip yo madi apremidi nan Pòtoprens pou yo te diskite sou dosye a. Espesyalis sa a te rive ann Ayiti nan kòmansman jounen madi a e li te fe yon virewon atravè kapital la pou l te evalye sitiyasyon sekirite a apre otobis ki t ap transpòte ekip Beliz la te sibi yon tantativ hold-up anba men bandi ki te kanpe bis la lendi epi rale zam sou moun ki te abò a. Ensidan sa a dewoule nan moman ekip la t ap sòti nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture pou l te ale nan otèl li.

Fanatik seleksyon nasyonal Brezil la ann Ayiti ki t ap suiv match Brezil-Kosta Rika a pandan koup di mond 2018 la sou ekran yon televizyon nan Pòtoprens, Ayit, nan dat 22 jen 2018. Brezil te bat Kosta Rika 2-0.
Fanatik seleksyon nasyonal Brezil la ann Ayiti ki t ap suiv match Brezil-Kosta Rika a pandan koup di mond 2018 la sou ekran yon televizyon nan Pòtoprens, Ayit, nan dat 22 jen 2018. Brezil te bat Kosta Rika 2-0.

Foutbolè belizyen yo, ki pa blese nan ensidan an, bay detay sou eksperyans makawon sa a yo viv ann Ayiti nan yon entèvyou yo bay yon estasyon televizyon Beliz. Daprè sa yo di, bandi yo te pwente kek zam gwo kalib sou otobis la. Foutbolè Ian “Yellow” Gaynair, ki se yon defansè nan ekip nasyonal Beliz la, deklare:

“Sanzatann, nou te wè anpil motosiklèt ki t e gen plizyè nèg ame sou yo. Yo te fè chofè a kanpe otobis la epi yo te kòmanse pale avek polisye ki t al akonpaye ekip la. Apre sa, nou te chache konnen kisa ki t ap pase. Ansuit, nèg ame yo te mande pou otobis la retounen pandan yo te pwente zam yo sou polisye yo. Alòs, nou pa t konnen kisa pou n te fè.”

Ian “Yellow” Gaynor ajoute:

“Kèk nan nou t ap filme sèn nan. Lè nèg ame yo wè sa, yo mande nou sispann anrejistre; konsa nou te kanpe video epi nou te bese rido yo. Nou tout sibi tromatism, paske nou pa t konnen kisa ki ta pral rive nou. Nou te menm panse atakan yo ta pral antre nan bis la.”

Neg ame yo se manm yon gwoup ki rele “Fantòm 509”; li gen ladan l ansyen ak aktyel manm Polis Nasyonal d Ayiti. Nan yon nòt Depatman Deta ameriken an pibliye sou kont Twitter li, li prezante yo kòm yon gwoup kriminèl.

Youn nan ofisyèl ekip foutbòl Beliz la, Marlon Kuylen, te prese mete FIFA ak KONKAF (Konfederasyon Asosyasyon Football Amerik di No, Amerik Santral ak Karayib) okouran ensidan an. Nan yon entèvyou li bay yon chèn televizyon nan Beliz, li fè deklarasyon sa a:

“Nou pale avek yo (responsab ayisyen yo) yon fason klè pou n di yo nou vle fè jwe nou yo kite peyi a. Sepandan, komisè match la gen pou l rive ann Ayiti mekredi pou l evalye sitiyasyon an e deside kisa ki pral fèt apre sa.”

Apre sa, Federasyon Foutbòl Beliz la pibliye yon deklarasyon kote li di sa k pase a “se yon desepsyon ki ba li anpil degou…”

2 ofisyèl Federasyon Foutbòl Ayisyen an, Jacques Letang ak Yvon Sevère, te rann ekip Beliz la yon vizit solidarite nan kòmansman sware a, daprè yon not FHF pibliye an fransè sou kont Facebook li. Dapre dokiman an, 2 ofisyèl yo “bay manm ekip Beliz la garanti ke Federasyon Foutbòl Ayisyen an ap sipòte yo.”

Annatandan FIFA pran yon desizyon sou kesyon pou konnen èske ensidan an ap oblije responsab òganizasyon spòtif entènasyon la deplase syèj match Ayiti-Beliz la, responsab foutbòl ayisyen yo lanse yon apèl bay piblik la pou mande l pa fè vyolans. Sekretè Jeneral FHF la, Carlo Marcelin, bay estasyon radyo Magik 9 yon entèvyou kote li di:

“Ayisyen yo dwe konprann si gen yon atak kèlkonk ki fèt kont match sa a, se fini pou foutbòl ann Ayiti.”

Pwochen koup di mond foutbòl pral dewoule nan peyi Katar sòti 21 novanm pou rive 18 desanm 2022.

(Lyonel Desmarattes te prepare vèsyon kreyòl atik sa a).

XS
SM
MD
LG