Nan moman rete 6 jou pou eleksyon jeneral dewoule ann Ayiti, gen moun ki lanse apèl pou mande ranvwaye vòt la akòz sitiyasyon difisil ki egziste nan peyi a kòm konsekans tranblemanntè 12 janvye pase a ak maladi kolera ki deja lakoz lanmò plizyè santèn moun. Sepandan yon lòt gwoup ensiste pou eleksyon an fèt, paske daprè yo, se sèl mwayen pou peyi a konnen chanjman pozitif.
Ayiti: Apèl Depaman Konsènan Dewoulman Eleksyon yo
- VOA Nouvèl