Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Ansyen Manm KEP a Twouve yo an Rezidans Siveye


Ann Ayiti, Minis Jistis la, Pierre Michel Brunache, anonse li chwazi Mèt Jean Renel Cénatus kòm nouvo Komisè Gouvènman kapital la, nan plas Lionel Constant Bourgoin.

Yon lòt kote, gouvènman Martelly-Conille la konfime nouvèl ki fè konnen otorite yo mete ansyen manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) an rezidans siveye jiskaske yo va rann kont pou tout byen Leta ki te anba jesyon yo pandan yo te nan tèt KEP a.

Afen, gwoup de presyon politik “Veye Yo” radye youn nan manm li yo, Depite Arnel Belizaire, poutèt –nap site: “Li pa respekte prensip gwoup la”.

Korespondan nou Clarens Renois reponn kesyon Jean Robert Philippe sou dosye sa a ak lòt pwen k ap domine aktyalite a nan peyi Dayiti.

Klike sou lyen ki nan kòmansman atik la pou w koute repòtaj Clarens Renois.

XS
SM
MD
LG