Accessibility links

Breaking News

Ayiti Anrejistre 10 Nouva Ka COVID 19 Swa yon Total 57 Moun Ki Trape Maladi a


Foto achiv: Yon anplwaye sante piblik kap cheke tanperati yon vwayajè nan Aewopò Toussaint Louverture nan Pòtoprens, Ayiti.
Foto achiv: Yon anplwaye sante piblik kap cheke tanperati yon vwayajè nan Aewopò Toussaint Louverture nan Pòtoprens, Ayiti.

Ministè Sante Piblik ak Popilasyon rapòte 10 nouvo ka kowonaviris madi 21 avril 2020 an pou mete l ak yon total 57 ka depi 19 mas. Pami 57 ka sa yo gen 3 moun ki mouri.

Ayiti gen 57 ka konfime moun ki enfekte ak maladi a. 44 apsyan atif. Poko genyen nan yo ki geri. Jiska prezan yo anrejistre 3 mò. Gen yon total 595 ka sispèk. 59.6 pousan moun sa yo se gason. 40.4 pousan nan yo se fanm.

Otorite yo kontinye mande tout moun pou lave men yo epi pa pran lari san bezwen yon fason pou pa atrape kowonaviris la. An mèm tan tou, govènman an mete plizyè aktitvite sou pye pou ede popilasyon an dapre deklarasyon responsab kominazyon leta a.

Pami aktivite sa a yo, moun kapab sinyale distribisyon bokit, mask e latriye. Pou lendi 2o avril 2020 an, Premye Jouthe Joseph te anonse reouvèti faktori yo ak kantite redui epi fè konnen yon pati lajan pou peye ouvirye pandan yo pat al travay deja sou akawont patwon yo.

XS
SM
MD
LG