Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Relasyon Entènasyonal: Aktivite yo Rekòmanse nan Anbasad Kanada a


Yon aparèy Air Canada -yon Airbus A320-200- ki t ap prepare l pou l ateri nan ayewopò entènasyonal Vancouver a nan vil Richmond, Kolonbi Britanik, Kanada, 5 fevriye 2019. (Foto: REUTERS/Ben Nelms).
Yon aparèy Air Canada -yon Airbus A320-200- ki t ap prepare l pou l ateri nan ayewopò entènasyonal Vancouver a nan vil Richmond, Kolonbi Britanik, Kanada, 5 fevriye 2019. (Foto: REUTERS/Ben Nelms).

Anbasad Kanada a ann Ayiti, ki te fèmen akoz pwoblèm ensekirite ak mank gaz ki te genyen nan Pòtoprens, anonse aktivite yo rekòmanse nan misyon diplomatik la.

Anbasad Kanada nan Pòtoprens pibliye sou kont Twitter li yon nòt kote li anonse reouvèti aktiviiteyo: “Apre yon demenajman tanporè, tout anplwaye anbasad Kanada a ann Ayiti retounen Pòtoprens. Operasyon regilye anbasad la rekòmanse lendi 29 novanm nan”.

Sa gen 2 semèn, "Global Affairs Canada" te raple pwovizwaman tout anplwaye kanadyen ki pa esansyèl ki t ap travay nan misyon diplomatik la, ansanm avèk manm fanmi yo.

XS
SM
MD
LG