Accessibility links

Breaking News

34 Moun Mouri nan yon Aksidan nan Gonayiv


Yon nonm ki kanpe pou l gade otobis ki te antre sou bann rara nan Gonayiv, Ayiti, 12 mas 2017.
Yon nonm ki kanpe pou l gade otobis ki te antre sou bann rara nan Gonayiv, Ayiti, 12 mas 2017.

34 moun mouri ak plizyè dizèn lòt blese grav nan yon aksidan machin ki fèt sou wout nasyonal # 1 an nan zòn Mapou Chevalye ki se lokalite Poto, 4èm section kominal vil Gonayiv dimanch maten 12 mars 2017 la.

Yon bis ki tap soti nan depatman Nò nan direksyon Pòtoprens rantre sou yon gwoup moun ki tap danse nan yon bann rara sou beton wout nasyonal la.

Bilan an, 34 moun pou pipiti mouri sou plas epi plizyè lòt soti blese nan aksidan an dapre Exalus Mergenat, korespondan Lavwadlamerik nan site endepandans la.

Klike sou lyen odyo a ki anba tèks la pou plis detay sou aksidan an avèk Exalus Mergenat.

XS
SM
MD
LG